I JEAN
1
Sa ki te ye Jn 1:1depi kòmansman a, sa ke nou te tande, sa ke nou II Pi 1:16te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; epi Jn 1:4lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm Jn 10:28lavi etènèl la, ki te avèk Papa la, epi te fè parèt byen klè a nou.
Sa ke nou te wè epi Trav 4:20tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen Jn 17:3,21kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. Epi I Jn 2:1bagay sa yo nou ekri, pou Jn 3:29lajwa nou kapab vin konplèt.
Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke I Tim 6:16Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.
Jn 8:12Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou I Jn 2:4manti epi pa pratike laverite a. Men si nou Esd 2:5mache nan limyè la, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san la a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche. I Tim 6:16
Job 15:14Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi Jn 8:44laverite a pa nan nou. Sòm 32:5Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou a tout mal.
10 Epi Job 15:14si nou di ke nou pa peche, nou I Jn 5:10fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

1:1 Jn 1:1

1:1 II Pi 1:16

1:2 Jn 1:4

1:2 Jn 10:28

1:3 Trav 4:20

1:3 Jn 17:3,21

1:4 I Jn 2:1

1:4 Jn 3:29

1:5 I Tim 6:16

1:6 Jn 8:12

1:6 I Jn 2:4

1:7 Esd 2:5

1:7 I Tim 6:16

1:8 Job 15:14

1:8 Jn 8:44

1:9 Sòm 32:5

1:10 Job 15:14

1:10 I Jn 5:10