13
I Wa 15:1-2Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda. Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. I Wa 15:7Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam. Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan. Abija te kanpe sou Mòn Jos 18:22Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël: Èske ou pa konnen ke II Sam 7:12-16SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa Lev 2:13yon sèl akò? Men I Wa 11:26Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a. Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè II Kwo 12:13li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.
“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou I Wa 12:28jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou. II Kwo 11:14-15Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.
10 “Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm. 11 Chak maten e chak swa, Egz 29:38yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li. 12 Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e Nonb 10:8-9prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”
13 Men Jéroboam Jos 8:4-9te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo. 14 Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, II Kwo 14:11yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo. 15 Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te II Kwo 14:12boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda. 16 Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, II Kwo 16:8Bondye te livre yo nan men yo. 17 Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri. 18 Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a II Kwo 14:11akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 19 Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.
20 Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e I Wa 14:20li te vin mouri. 21 Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi. 22 Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a II Kwo 9:29 pwofèt la, Iddo.

13:1 I Wa 15:1-2

13:2 I Wa 15:7

13:4 Jos 18:22

13:5 II Sam 7:12-16

13:5 Lev 2:13

13:6 I Wa 11:26

13:7 II Kwo 12:13

13:8 I Wa 12:28

13:9 II Kwo 11:14-15

13:11 Egz 29:38

13:12 Nonb 10:8-9

13:13 Jos 8:4-9

13:14 II Kwo 14:11

13:15 II Kwo 14:12

13:16 II Kwo 16:8

13:18 II Kwo 14:11

13:20 I Wa 14:20

13:22 II Kwo 9:29