4
Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo Jr 16:7pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Pou sa, Job 3:11-26mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo. Men Job 3:11-26pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la. Mwen konn wè tout zèv ak tout Ekl 2:21metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
Moun ensanse a Pwov 6:10pliye men l e manje pwòp chè li. Yon men plen repo se Pwov 15:16-17miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, Pwov 27:20zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm kon mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. 10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. 11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men I Wa 1:1-4ki jan yon sèl moun ta ka chofe? 12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
13 Yon jennjan ki Ekl 7:19malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy. 14 Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an. 15 Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an. 16 Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.

4:1 Jr 16:7

4:2 Job 3:11-26

4:3 Job 3:11-26

4:4 Ekl 2:21

4:5 Pwov 6:10

4:6 Pwov 15:16-17

4:8 Pwov 27:20

4:11 I Wa 1:1-4

4:13 Ekl 7:19