31
Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,
ki depann de cheval yo,
ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,
ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;
men yo pa gade sou És 10:17 Sila Ki Sen an Israël la,
ni chache SENYÈ a!
Men anplis, Li saj;
Li va mennen dezas;
Li Nonb 23:19p ap retire pawòl Li menm;
men Li va leve kont kay malfektè yo,
ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.
Alò, Ejipsyen yo se Éz 28:9moun.
Se pa Bondye.
Cheval yo se chè; se pa lespri.
Pou sa, SENYÈ la va lonje men L;
sila k ap bay sekou a va glise tonbe.
Sila ki resevwa sekou a va tonbe,
e yo tout va rive fini ansanm.
 
Paske konsa SENYÈ a di mwen:
“Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje,
lè yon bann bèje vin parèt la;
li p ap pè vwa yo,
ni li p ap deranje akoz bri yo fè.
Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann
pou És 42:13fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
Tankou zwazo k ap vole,
se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem.
Li va És 37:35pwoteje li e delivre li.
Li va pase sou sa pou sove li.
Retounen kote Sila ke nou te És 1:2-5 tèlman neglije a, O fis Israël yo.
Paske nan jou sa a, tout moun
va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo,
ke I Wa 12:30 men plen peche nou yo te fè pou nou.
Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm,
e És 66:16nepe a ki pa pou lòm va devore l.
Pou sa, li p ap chape anba nepe a,
e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.
“Wòch li va disparèt akoz panik,
e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”,
deklare SENYÈ a,
És 10:16-17Sila ki gen dife Li nan Sion an,
ak founo nan Jérusalem nan.

31:1 És 10:17

31:2 Nonb 23:19

31:3 Éz 28:9

31:4 És 42:13

31:5 És 37:35

31:6 És 1:2-5

31:7 I Wa 12:30

31:8 És 66:16

31:9 És 10:16-17