2
Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk Trav 10:34patipri.
Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak Za 3:3rad sal, epi nou prete atansyon espesyal a sila ki Luc 23:11byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij Luc 18:6avèk move lentansyon?
Koute, frè byeneme m yo, èske Job 34:19Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e Mat 5:3eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. Trav 11:26Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: Lev 19:18“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
Men si nou Trav 10:34montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li Jc 3:2tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. 11 Paske, Sila a ki te di: Egz 20:14“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: Det 5:17“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa Jc 1:25lalwa libète a. 13 Paske Pwov 21:13jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
14  Jc 1:22Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15  Mat 25:35Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: I Jn 3:17“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an Gal 5:6lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m Wo 3:28lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Mat 8:29Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke Gal 5:6lafwa san zèv vin initil? 21  Jen 22:9,10,12,16-18Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? 22 Nou wè ke Eb 11:17lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, I Tes 1:3zèv lafwa li a te vin pafè. 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou Gal 5:6lafwa san zèv deja mouri.

2:1 Trav 10:34

2:2 Za 3:3

2:3 Luc 23:11

2:4 Luc 18:6

2:5 Job 34:19

2:5 Mat 5:3

2:7 Trav 11:26

2:8 Lev 19:18

2:9 Trav 10:34

2:10 Jc 3:2

2:11 Egz 20:14

2:11 Det 5:17

2:12 Jc 1:25

2:13 Pwov 21:13

2:14 Jc 1:22

2:15 Mat 25:35

2:16 I Jn 3:17

2:17 Gal 5:6

2:18 Wo 3:28

2:19 Mat 8:29

2:20 Gal 5:6

2:21 Jen 22:9,10,12,16-18

2:22 Eb 11:17

2:22 I Tes 1:3

2:23 Jen 15:6

2:26 Gal 5:6