29
Ankò, Job te reprann Nonb 23:7diskou. Li te di:
“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo!
Kon nan jou ke Bondye te Jr 31:28bay rega sou mwen yo;
Job 18:6lanp Li yo te briye sou tèt mwen,
e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,
Sòm 25:14amitye Bondye te sou tant mwen an;
lè Toupwisan an te toujou avè m,
e pitit mwen yo te antoure mwen;
lè pa mwen yo te benyen nan bè
e Det 32:13wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
Lè m te konn sòti nan Job 31:21pòtay lavil la,
pou m te gen chèz mwen sou plas la.
Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo,
e granmoun yo te konn leve kanpe.
Prens yo te sispann pale
e te Job 21:5mete men yo sou bouch yo.
10 Vwa a moun pwisan yo te rete,
e Sòm 137:6lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11 Paske lè Job 4:3-4zòrèy la te tande m, li te rele m beni,
e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,
avèk Job 31:17-21òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen
e mwen te fè Job 22:9kè vèv la chante avèk jwa.
14 Mwen te És 61:10abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15 Mwen te sèvi kon Nonb 10:31zye pou avèg yo,
e pye pou sila bwate yo.
16 Mwen te yon papa pou Job 24:4 malere a,
e ka ke m pa konnen an,
mwen te chache twouve bout li.
17 Mwen te Sòm 3:7kase machwè a mechan an
e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18 Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen,
e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
19  Os 14:5Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze
kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20 Fòs mwen toujou nèf,
e Jen 49:24banza m renouvle nan men m.’
 
21 “Moun Job 4:3yo te koute e te tann.
Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22 Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò,
e Det 32:2pawòl mwen yo te etonnen yo.
23 Yo te tann mwen tankou lapli.
Yo te ouvri bouch yo pou bwe,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24 Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè,
e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25 Mwen te chwazi yon chemen pou yo,
te chita tankou Job 1:3chèf,
e te demere tankou wa pami sòlda yo,
tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
 

29:1 Nonb 23:7

29:2 Jr 31:28

29:3 Job 18:6

29:4 Sòm 25:14

29:6 Det 32:13

29:7 Job 31:21

29:9 Job 21:5

29:10 Sòm 137:6

29:11 Job 4:3-4

29:12 Job 31:17-21

29:13 Job 22:9

29:14 És 61:10

29:15 Nonb 10:31

29:16 Job 24:4

29:17 Sòm 3:7

29:19 Os 14:5

29:20 Jen 49:24

29:21 Job 4:3

29:22 Det 32:2

29:25 Job 1:3