12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
Sekou, SENYÈ, paske És 57:1moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
Yo pale sa ki fo a youn lòt.
Wo 16:18Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki Dan 7:8pale gwo bagay yo;
ki Sòm 73:8-9te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, És 33:10Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki Pwov 30:5teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va Sòm 37:28prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.

12:1 És 57:1

12:2 Wo 16:18

12:3 Dan 7:8

12:4 Sòm 73:8-9

12:5 És 33:10

12:6 Pwov 30:5

12:7 Sòm 37:28

12:8 És 32:5