14
Pou direktè koral la; yon sòm David
Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
Wo 3:10-12Nanpwen ki fè sa ki bon.
SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki Sòm 92:6konprann, k ap chache Bondye.
Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Sòm 143:2Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki Jr 10:25manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se Sòm 46:1refij li.
O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a Sòm 85:1-2restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

14:1 Wo 3:10-12

14:2 Sòm 92:6

14:3 Sòm 143:2

14:4 Jr 10:25

14:6 Sòm 46:1

14:7 Sòm 85:1-2