84
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.
A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!
Sòm 42:1-2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.
Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
Zwazo a osi te twouve yon kay, e
iwondèl la yon nich pou li menm,
kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo,
Oh Wa m ak Bondye m.
A la Sòm 65:4 beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!
Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
A la beni nonm ki Sòm 81:1 gen fòs li nan Ou,
Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.
Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;
Sòm 107:35 Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.
Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.
Prete zorèy Ou, O Sòm 81:1 Bondye Jacob la!
Tan
Gade byen boukliye nou an.
Gade sou vizaj I Sam 16:6 onksyone Ou a.
10 Paske Sòm 27:4 yon sèl jou nan lakou Ou a,
pi bon pase mil jou deyò.
Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,
pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se És 60:19-20 yon solèy ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
12 O SENYÈ dèzame yo!
A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

84:2 Sòm 42:1-2

84:4 Sòm 65:4

84:5 Sòm 81:1

84:6 Sòm 107:35

84:8 Sòm 81:1

84:9 I Sam 16:6

84:10 Sòm 27:4

84:11 És 60:19-20