LIV 4
90
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye
pandan tout jenerasyon yo.
Avan mòn yo te vin parèt,
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,
menm Sòm 93:2pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:
“Retounen, O pitit a lòm yo.”
Paske mil ane devan zye Ou
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
Ou Job 22:16 bale yo ale pandan y ap dòmi.
Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.
Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
Paske nou Sòm 39:11 fin manje nèt akoz kòlè Ou.
E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
Ou te Sòm 50:21 mete inikite nou yo devan Ou.
Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
Paske Sòm 78:33 tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.
Ane nou yo ap fini kon souf.
10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou Job 20:8 vole ale.
11 Se kilès ki konprann Sòm 76:7 fòs a kòlè Ou a?
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab Pwov 2:1-6ofri Ou yon kè ki plen sajès.
13 Lache, O SENYÈ!
Konbyen tan sa va ye?
Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,
pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,
tout Det 2:14-16ane ke nou te wè mal yo.
16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,
ak I Wa 8:11majeste Ou a pitit yo.
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi Sòm 37:23konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.

90:2 Sòm 93:2

90:5 Job 22:16

90:7 Sòm 39:11

90:8 Sòm 50:21

90:9 Sòm 78:33

90:10 Job 20:8

90:11 Sòm 76:7

90:12 Pwov 2:1-6

90:15 Det 2:14-16

90:16 I Wa 8:11

90:17 Sòm 37:23