95
O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
Paske SENYÈ a se yon Sòm 48:1 gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
Nan men Sila Sòm 135:6 pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm Jen 1:9-10 ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ Sòm 100:3 ki te fè nou an.
Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
Eb 3:7-11-15 Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
pa fè kè nou vin di tankou nan Egz 17:2-7 Meriba,
tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
“lè papa zansèt nou yo te Nonb 14:22 pase M a leprèv.
Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
10 Pandan Trav 7:36 karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,
“Anverite, yo p ap antre nan Det 12:9repo Mwen an.”

95:3 Sòm 48:1

95:4 Sòm 135:6

95:5 Jen 1:9-10

95:6 Sòm 100:3

95:7 Eb 3:7-11-15

95:8 Egz 17:2-7

95:9 Nonb 14:22

95:10 Trav 7:36

95:11 Det 12:9