145
Yon chan lwanj pa David
Mwen va Sòm 30:1leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
Job 5:9Grandè Li pa kab fin sonde menm.
Yon Sòm 22:30-31jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk Sòm 119:27zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
Lezòm va pale sou pouvwa a Det 10:21zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
SENYÈ a Egz 34:6plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10  Sòm 19:1Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 Yo va pale Jr 14:21glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 Pou Jr 14:21fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13 Wayòm Ou an se yon Sòm 10:16wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li Sòm 146:8leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou Sòm 104:27bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou Sòm 104:28ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17 Senyè a Sòm 116:5dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li Jn 4:24 ak verite yo.
19 Li va Sòm 21:2ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men Sòm 9:5mechan yo, Li va detwi
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e Sòm 65:2tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
 

145:1 Sòm 30:1

145:3 Job 5:9

145:4 Sòm 22:30-31

145:5 Sòm 119:27

145:6 Det 10:21

145:8 Egz 34:6

145:10 Sòm 19:1

145:11 Jr 14:21

145:12 Jr 14:21

145:13 Sòm 10:16

145:14 Sòm 146:8

145:15 Sòm 104:27

145:16 Sòm 104:28

145:17 Sòm 116:5

145:18 Jn 4:24

145:19 Sòm 21:2

145:20 Sòm 9:5

145:21 Sòm 65:2