8
O ke ou te tankou frè m,
ki te souse nan tete a manman m.
Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;
nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
Mwen ta mennen ou e Kan 3:4fè ou antre
lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.
Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti
nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
Kite Kan 2:6men goch li rete anba tèt mwen
e men dwat li anbrase m.
 
Kan 2:7Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,
pa fè lanmou a vin leve,
ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
 
Lòt Yo
Se Kan 3:6ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,
k ap apiye sou cheri li a?”
 
Jenn Fi an
Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;
se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
 
Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon És 49:16so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l.
Pwov 6:35Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
Frè Yo
Nou gen yon ti sè e li Éz 16:7pa gen tete menm;
kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun
ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
 
Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;
men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad
ak I Wa 6:15gwo planch bwa sèd.
 
Jenn Fi a
10 Mwen te yon miray e Éz 16:7tete mwen te tankou fò yo;
konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;
Li te Mat 21:33 bay jerans chan rezen an a gadyen yo.
Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m;
mil sik ajan yo se pou ou, Salomon
ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
Salomon
13 O ou menm, ki chita nan jaden yo,
ansanm ak zanmi mwen yo,
kite m tande vwa ou.
 
Jenn Fi an
14 Annou pati, cheri mwen an!
Fè tankou yon antilòp,
oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.

8:2 Kan 3:4

8:3 Kan 2:6

8:4 Kan 2:7

8:5 Kan 3:6

8:6 És 49:16

8:7 Pwov 6:35

8:8 Éz 16:7

8:9 I Wa 6:15

8:10 Éz 16:7

8:11 Mat 21:33