47
(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! (047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. (047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. (047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. (047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. (047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! (047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! (047:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. (047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.