BibSenAn
24
Jn 20:1-8Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Luc 7:13Senyè Jésus a. Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, Jn 20:12de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? Mc 16:6Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje Mat 17:22jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? Li t ap di ke fòk Mat 16:21Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
Konsa Jn 2:22yo te sonje pawòl Li yo. Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo. 10 Alò, se te Mat 27:56Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo. 11 Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo. 12 Men Pierre te leve, e te Jn 20:3-6kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive Jn 20:10lakay li byen etone de sa ki te pase a.
13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16 Men Luc 24:31zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17 Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?” 18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19 Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20 Kijan chèf prèt yo avèk Luc 23:13dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè Luc 1:68redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Luc 24:1Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan Mat 26:24tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26 Luc 24:7-44Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27 Answit, Li te kòmanse avèk Jen 3:15Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li Mc 6:48te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te Mat 14:19beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31 Answit Luc 24:16zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32 Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li Luc 24:45t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?” 33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk Trav 1:14sila ki te avèk yo. 34 Yo te di yo ke Luc 24:6Senyè a vrèman leve, e I Kwo 15:5te parèt a Simon. 35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan Luc 24:30yo te vin konnen Li nan kase pen an.
36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon Mat 14:26lespri ke yo te wè a.
38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; Jn 20:27touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41 Pandan yo te toujou Luc 24:11mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43 Li te pran l e te Trav 10:41manje l devan yo. 44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Luc 24:27Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45 Answit Li te Luc 24:32ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se Luc 24:26-44 konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a Mat 28:19 tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se Trav 1:8-22temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
50 Li te mennen yo deyò jiska Mat 21:17Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo. 51 Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
LEVANJIL SELON JEAN
1
Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. Jn 17:5 Li te nan kòmansman avèk Bondye. Jn 1:10Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te Jn 8:12limyè a lòm. Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
Te Mat 3:1vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, Jn 1:12pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. Se pa Jn 1:20li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
Te gen I Jn 2:8vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e I Kor 8:6lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni Jn 11:52pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 Jn 3:5ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 E pawòl la te Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ ” 16 Paske nan Ef 1:23plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Jn 7:19Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Jn 3:16,18Fis inik la, Luc 16:22ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19 E sa se Jn 1:7temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
Luc 3:15“Mwen menm se pa Kris la.”
21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se Det 18:15-18Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23 Li te di: “Mwen menm se És 40:3yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen Det 18:15-18poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26 Jean te reponn yo konsa: Mat 3:11“Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm Mat 3:11lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, Jn 3:26lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade És 53:7Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32 Jean te fè temwayaj epi te di: Mat 3:16“Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, Mat 3:11se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Mat 4:3Fis Bondye a.”
35 Ankò Jn 1:29jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jn 1:29Jenn Mouton Bondye a!”
37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: Mat 23:7“Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40 Mat 4:18-25Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, Mat 16:17 fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43 Jou apre Li te vle antre nan Mat 4:12Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44 Philippe te sòti nan Mat 11:21Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Luc 24:27Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46 Nathanaël te di l Jn 7:41-52“Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: Wo 9:12“Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Mat 10:3Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Mat 2:2Wa Israël la.”
50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè Éz 1:1 syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”
2
Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Jn 2:11Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. Jésus ansanm ak Jn 1:40-49disip li yo te envite nan maryaj la.
Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Jn 7:6-8 Lè M poko rive.”
Mat 12:46Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou Mc 7:3koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
Lè chèf sèvitè a te goute dlo a Jn 4:46ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo Mat 24:49bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre Jn 1:14glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12 Aprè sa Li te desann bò kote Mat 4:13Capernaüm, Li ansanm avèk manman Mat 12:46Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13 Det 16:1-6Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14 Mal 3:1Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann Mat 21:12toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17 Jn 2:2Disip Li yo te sonje ke li te ekri Sòm 69:9“Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: Mat 12:38“Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19 Jésus te reponn yo: Mat 24:49“Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20 Jwif yo te reponn: “Li te pran Esd 5:16karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21 Men Li t ap pale sou I Kor 6:19tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Sòm 16:10Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Jn 2:13Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Trav 1:24Li te konnen tout moun. 25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, Mat 9:4paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
3
Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Jn 7:50Nicodème, yon chèf a Jwif yo. Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: Mat 23:7“Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Jn 9:33Bondye avè L.”
Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun II Kor 5:7 ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. Jn 1:13Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ Sòm 135:7Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
10 Jésus te reponn: “Ou menm se Luc 2:46Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11 Anverite, anverite, Mwen di ou, Jn 1:18nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
13 Pwov 30:4“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
14 “Menm jan Nonb 2:19 Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan Jn 12:34 vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè Jn 20:31nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te Wo 5:8tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou Luc 19:10jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a Jn 1:18sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke Jn 1:4limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 Jn 3:20-21“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki I Jn 1:6aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap Jn 4:1-2batize.
23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24 Paske Mat 4:12Jean potko jete nan prizon.
25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè Jn 2:6pirifikasyon. 26 Yo te vin kote Jean pou di l, Mat 23:7“Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27 Jean te reponn e te di: I Kor 4:7“Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: Jn 1:20-23‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se Mat 9:15jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31 Mat 28:18Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li Jn 3:11bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Mat 12:18Paske Li bay Lespri a san mezi.
35 Mat 28:18Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Sila ki Jn 3:16kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.
Text info
BibSenAn