5
Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. Adan te gen santrantan (0130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt. Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (0930 an). Sèt te gen sansenkan (0105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk. Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (0807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (0912 an). Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. 10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (0815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (0905 an). 12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (0840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (0910 an). 15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (0830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (0895 an). 18 Jerèd te gen sanswanndezan (0162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (0800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (0962 an). 21 Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (0300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23 - 24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'. 25 Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (0782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (0969 an). 28 Lemèk te gen sankatrevendezan (0182 an) lè li vin gen yon pitit gason. 29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. 30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (0595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (0777 an). 32 Noe te gen senksanzan (0500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.