2
jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a. Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen? E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo 10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, 11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
12 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an. 16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.
19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la,
ak sign anba sou latè;
san avèk dife, avèk vapè lafimen.
20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san,
avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
21 E li va rive ke tout moun
ki rele Non Senyè a va sove.’
22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
25 ‘Paske David te di sou Li:
‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an;
paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.
Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,
ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
28 Ou fè m konnen chemen lavi yo;
Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
29 “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. 30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, 31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ 32 Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
34 “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di:
‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
35 Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
2:1 Lev 23:15 2:2 Trav 4:31 2:4 Trav 4:8,31 2:4 I Kwo 12:1 2:5 Luc 2:25 2:6 Trav 2:2 2:7 Mat 26:73 2:9 Trav 18:2 2:9 Trav 6:9 2:10 Mat 23:15 2:12 Trav 2:7 2:14 Trav 1:26 2:15 I Tes 5:7 2:17 Jl 2:28-32 2:21 Wo 10:13 2:22 Trav 3:6 2:23 Luc 22:22 2:24 Mat 28:5,6 2:25 Sòm 16:8-11 2:27 Trav 2:31 2:29 I Wa 2:10 2:30 Sòm 132:11 2:31 Mat 11:23 2:32 Trav 2:24 2:33 Trav 5:31 2:33 Trav 1:4 2:34 Sòm 110:1 2:36 Luc 2:11 2:36 Trav 2:23 2:37 Luc 3:10,14,15 2:38 Mc 1:15 2:38 Trav 8:12,16 2:40 Det 32:5 2:41 Trav 3:23 2:42 Trav 1:14 2:42 Luc 24:30 2:43 Trav 2:22 2:44 Trav 4:32,37 2:45 Mat 19:21 2:46 Trav 5:42 2:47 Trav 5:14 2:47 Trav 2:41