4
1 Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk ✡Sadiseyen yo te rive kote yo. 2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame ✡nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 3 Yo te mete men sou yo, e te ✡mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. 4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e ✡fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
5 Nan landemen, ✡chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6 ✡Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
8 Alò, Pierre ✡ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou ✡benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke ✡pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki ✡wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 “Konsa, pa gen sali nan ✡okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13 Alò, lè yo te wè ✡konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo ✡te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
15 Men lè yo fin mande yo ✡kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16 Yo te di: “Alò ✡kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke ✡yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vre.
17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun ✡nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te ✡kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: ✡“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske ✡nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e ✡akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap ✡bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te ✡fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki ✡pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:
✡‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;
e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
26 ✡Wa sou latè yo ap pran pòz yo
e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a
ak kont Kris Li a.’
27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont ✡sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak ✡volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo ✡pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon ✡sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ✡ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te ✡pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men ✡tout bagay te pou tout moun. 33 ✡Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo ✡te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou ✡mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo ✡te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, yon Levit ki te ne an ✡Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis ✡Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
✡ 4:1 Mc 12:18 ✡ 4:2 Trav 3:15 ✡ 4:3 Trav 5:18 ✡ 4:4 Trav 2:41 ✡ 4:5 Luc 23:13 ✡ 4:6 Luc 3:2 ✡ 4:8 Trav 2:4 ✡ 4:9 Trav 3:7 ✡ 4:10 Trav 2:22 ✡ 4:11 Sòm 118:22 ✡ 4:12 Mat 1:21 ✡ 4:13 Trav 4:31 ✡ 4:13 Jn 7:15 ✡ 4:15 Mat 5:22 ✡ 4:16 Jn 11:47 ✡ 4:16 Trav 3:7-10 ✡ 4:17 Jn 15:21 ✡ 4:18 Trav 5:28 ✡ 4:19 Trav 5:28 ✡ 4:20 I Kwo 9:16 ✡ 4:21 Trav 5:26 ✡ 4:21 Mat 9:8 ✡ 4:24 Egz 20:11 ✡ 4:25 Trav 1:16 ✡ 4:25 Sòm 2:1 ✡ 4:26 Sòm 2:2 ✡ 4:27 Trav 3:13 ✡ 4:28 Trav 2:23 ✡ 4:29 Fil 1:14 ✡ 4:30 Jn 4:48 ✡ 4:31 Trav 2:4 ✡ 4:31 Fil 1:14 ✡ 4:32 Trav 2:44 ✡ 4:33 Trav 1:8 ✡ 4:34 Mat 19:21 ✡ 4:35 Trav 4:37 ✡ 4:35 Trav 2:45 ✡ 4:36 Trav 13:4 ✡ 4:36 Trav 11:23