10
1 Alò Wa Assuérus te ✡enpoze yon taks sou peyi a avèk ✡ peyi kot lanmè yo. 2 Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak ✡wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo? 3 Paske Mardochée, Jwif la, te ✡ sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou ✡yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.
✡ 10:1 És 11:11 ✡ 10:1 És 11:11 ✡ 10:2 Est 8:15 ✡ 10:3 Jen 41:43-44 ✡ 10:3 Né 2:10