24
Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay. Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “Souple, mete men ou anba kwis mwen. Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo, men ke ou va ale nan peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.”
Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?”
Abraham te di li: “Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la! SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la. Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou va lib de sèman pa m nan, Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.” Alò, sèvitè a te plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a.
10 Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan vil Nahor. 11 Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo.
12 Li te di: “O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham. 13 Gade byen, m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo. 14 Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.”
15 Avan li te fin pale, gade, Rebecca ki te ne a Bethuel, fi Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li. 16 Fi a te trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte.
17 Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
18 Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè. 19 Lè li te fin ba li bwè, li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”. 20 Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo. 21 Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non.
22 Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò, 23 epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?”
24 Li te di li: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.” 25 Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”.
26 Alò, mesye a te bese byen ba, e li te adore SENYÈ a. 27 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”
28 Alò, fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo. 29 Fi a te gen yon frè ki te rele Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la. 30 Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la. 31 Epi li te di: “Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?”
32 Alò, mesye a te antre nan kay la. Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo. 33 Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.”
Laban te di: “Pale toujou”.
34 Li te di: “Mwen se sèvitè Abraham. 35 SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik. 36 Alò, Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede. 37 Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la, 38 men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’
39 “Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’
40 “Li te di mwen: ‘SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m. 41 Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a,ou va lib de sèman mwen an.’
42 “Konsa, mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi. 43 Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”, 44 epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.”
45 “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’ ”
46 “Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou.
47 “Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li.
48 “Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li. 49 Alò, koulye a, si w ap aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.”
50 Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal. 51 Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.”
52 Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te bese tèt li atè devan SENYÈ a. 53 Sèvitè a te mete deyò bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li. 54 Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan.
Lè yo te leve nan maten li te di: “Voye mwen ale vè mèt mwen.”
55 Men frè li avèk manman li te di: “Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”.
56 Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.”
57 Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”: 58 Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?”
Epi li te reponn: “M ap prale.”
59 Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo. 60 Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”
61 Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati.
62 Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev. 63 Isaac te ale deyò pou fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini.
64 Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a. 65 Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?”
Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.”
Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li.
66 Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè. 67 Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.
24:1 Jen 18:11 24:2 Jen 24:9 24:3 Det 7:3 24:3 Jen 10:15-19 24:4 Jen 12:1 24:6 Jen 24:8 24:7 Egz 23:20-23 24:8 Jos 2:17-20 24:8 Jen 24:6 24:9 Jen 24:2 24:10 Jen 24:22-53 24:10 Jen 11:31-32 24:11 Jen 24:42 24:12 Jen 24:27-42-48 24:13 Jen 24:43 24:15 Jen 22:20 24:15 Jen 11:29 24:16 Jen 12:11 24:17 Jn 4:7 24:18 Jen 24:14-46 24:19 Jen 24:14 24:21 Jen 24:12-52 24:22 Jen 24:47 24:24 Jen 24:15 24:26 Jen 24:48-52 24:27 Jen 32:10 24:28 Jen 29:12 24:29 Jen 29:5-13 24:31 Jen 29:13 24:32 Jen 43:24 24:34 Jen 24:2 24:35 Jen 24:1 24:35 Jen 13:2 24:36 Jen 21:1-7 24:37 Jen 24:2-4 24:39 Jen 24:5 24:40 Jen 24:7 24:42 Jen 24:11-12 24:43 Jen 24:13 24:46 Jen 24:18-19 24:47 Jen 24:23-24 24:48 Jen 24:27 24:49 Jen 47:29 24:50 Jen 31:24-29 24:52 Jen 24:26,48 24:53 Jen 24:10-22 24:54 Jen 24:56-59 24:55 Jij 19:4 24:56 Jen 24:40 24:59 Jen 35:8 24:60 Nonb 10:36; Jen 22:17 24:62 Jen 16:14 24:63 Jos 1:8 24:63 Jen 18:2