27
1 Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.”
Ésaü te reponn li: “Men mwen.”
2 Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye. Mwen pa konnen jou ke m ap mouri an.
3 Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.
4 Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.”
5 Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay,
6 Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü. Li te di:
7 ‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’
8 Alò, pou sa, fis mwen, koute lòd ke mwen pral ba ou a.
9 Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an.
10 Konsa, ou va pote li bay papa ou, pou li kapab manje, pou li kapab beni ou avan ke li mouri”.
11 Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan byen kouvri avèk plim, e po m byen swa.
12 Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.”
13 Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.”
14 Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.
15 Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
16 Li te mete po kabrit sou men li, ak nan pati kou li ki te swa.
17 Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a.
18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.”
Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
20 Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
21 Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.”
22 Jacob te pwoche papa li. Li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”:
23 Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li.
24 Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?”
Epi li te reponn: “Se Mwen.”
25 Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, pou m kapab beni ou.”
Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè.
26 Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.”
27 Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan ke SENYÈ a te beni.
28 Koulye a, ke Bondye kapab ba ou
lawouze syèl la, ak grès tè a,
anpil sereyal chan avèk diven nèf.
29 Ke anpil pèp vin sèvi ou,
e ke nasyon yo bese devan ou.
Vin mèt sou frè ou yo,
e lese fis a manman ou yo
vin bese a ou menm.
Modi va sila ki modi ou yo.
Beni va sila ki beni ou yo.”
30 Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas.
31 Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.”
32 Isaac, papa li te di: “Kilès ou ye?” Konsa, li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.”
33 Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? Wi, e li va beni.”
34 Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.”
35 Men li te reponn: “Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.”
36 Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?”
37 Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?”
38 Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.
39 Alò, Isaac, papa l te reponn e te di li:
“Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete,
e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la.
40 Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, ou va sèvi li.
Men li va rive ke lè ou vin toumante,
ou va kase jouk la sou kou ou.”
41 Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”
42 Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.
43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban!
44 Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese,
45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”
46 Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?”