43
Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a. Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje. Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ ”
Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’ ”
Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo. Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan. 10 Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann. 12 Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè. 13 Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a. 14 Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
15 Alò, mesye yo te pran kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph. 16 Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
17 Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph. 18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
19 Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la, 20 e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje, 21 men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou. 22 Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.
24 Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje. 25 Konsa, yo te prepare kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
26 Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li. 27 Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
28 Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.
29 Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.” 30 Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
31 Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
32 Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.
33 Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone. 34 Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.
43:1 Jen 12:10 43:3 Jen 43:5 43:7 Jen 42:13 43:9 Jen 42:37 43:11 Jen 37:25 43:12 Jen 42:25-35 43:14 Jen 42:24 43:14 Jen 42:36 43:15 Jen 43:11 43:16 Jen 44:1 43:21 Jen 42:27-35 43:23 Jen 42:24 43:24 Jen 18:4 43:25 Jen 43:11-15 43:26 Jen 37:7-10 43:27 Jen 43:7 43:28 Jen 37:7-10 43:29 Jen 42:13 43:30 I Wa 3:26 43:31 Jen 45:1 43:32 Jen 46:34 43:33 Jen 42:7 43:34 Jen 25:34