3
1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan ✡Athènes sèl. 2 Konsa, nou te voye ✡Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, 3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke ✡nou te destine pou sa. 4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, ✡e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou ✡tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou ✡travay nou an ta anven.
6 Men koulye a, ke ✡Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de ✡lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. 7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. 8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou ✡kanpe fèm nan Senyè a.
9 Paske ✡ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm? 10 Antretan ✡lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab ✡konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an ✡Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ✡ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab ✡etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
✡ 3:1 Trav 17:15 ✡ 3:2 II Kor 1:1 ✡ 3:3 Trav 9:16 ✡ 3:4 I Tes 2:14 ✡ 3:5 Mat 4:3 ✡ 3:5 II Kwo 6:1 ✡ 3:6 Trav 18:5 ✡ 3:6 I Tes 1:3 ✡ 3:8 I Kwo 16:13 ✡ 3:9 I Tes 1:2 ✡ 3:10 II Tim 1:3 ✡ 3:10 II Kor 13:9 ✡ 3:11 I Tes 5:23 ✡ 3:12 Fil 1:9 ✡ 3:13 I Kor 1:8