12
1 Éphraïm manje sou van,
e kouri dèyè ✡van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob ✡selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3 Nan vant manman, li te ✡kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te ✡lite ak Bondye.
4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te ✡chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se ✡non Li!
6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
✡Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
7 Men yon machann, ak ✡fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
✡okenn inikite, ki ta peche.”
 
9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou ✡viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè ✡pwofèt yo,
mwen te sèvi ✡parabòl.
11 Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi ✡lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
✡Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Epi pa yon ✡pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite ✡san li koule sou li,
e fè ✡repwòch li tounen sou li.
✡ 12:1 Jen 41:6 ✡ 12:2 Os 4:1; Os 7:2 ✡ 12:3 Jen 25:26 ✡ 12:3 Jen 32:28 ✡ 12:4 Jen 32:26 ✡ 12:5 Egz 3:15 ✡ 12:6 Os 6:1-3; Mi 6:8 ✡ 12:7 Pwov 11:1 ✡ 12:8 Os 4:8 ✡ 12:9 Lev 23:42 ✡ 12:10 II Wa 17:13 ✡ 12:10 Éz 17:2 ✡ 12:11 Os 8:11 ✡ 12:12 Jen 28:5; Jen 29:20 ✡ 12:13 Egz 14:19-22 ✡ 12:14 Éz 18:10-13 ✡ 12:14 Dan 11:18