14
1 ✡Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
2 Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: ✡“Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
3 Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a
✡zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
 
4 “Mwen va ✡geri enfidelite yo;
Mwen va ✡renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
5 Mwen va tankou ✡Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
6 Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
7 Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou ✡sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye ✡siprè byen vèt;
nan ✡Mwen, tout fwi ou sòti.”
 
9 ✡Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
✡ 14:1 Os 6:1 ✡ 14:2 Mi 7:18,19 ✡ 14:3 Os 8:6; Os 4:12 ✡ 14:4 És 57:18 ✡ 14:4 So 3:17 ✡ 14:5 Pwov 19:12 ✡ 14:7 Os 2:21,22 ✡ 14:8 És 41:19 ✡ 14:8 Éz 17:23 ✡ 14:9 Sòm 107:43