2
1 Soufle twonpèt la nan Sion,
e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!
Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,
paske jou SENYÈ a ap vini.
Anverite, li vin pwòch.✡
2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa,
yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.
Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;
konsa gen yon gwo pèp pwisan.
Pa t janm gen yon bagay konsa,
ni p ap janm gen anyen ankò,
jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.✡
3 Devan yo, se dife k ap devore,
e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.
Peyi a vin ✡tankou jaden Eden devan yo,
men yon savann ✡dezole dèyè yo,
e nanpwen anyen ki chape.
4 ✡Aparans yo se tankou aparans cheval la;
epi kon yon kavalye kouri cheval li,
se konsa yo kouri.
5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo,
se konsa yo sote;
tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay,
se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.✡
6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo ✡soufrans.
Tout figi yo vin pal.
7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo.
Yo monte mi tankou sòlda.
Konsa, yo ✡mache byen ranje,
ni yo pa kite pa yo.
8 Youn pa jennen lòt.
Yo chak mache nan pa yo.
Lè y ap eklate travèse defans yo,
yo pa kase ran ranje a.
9 Yo kouri sou vil la.
Yo kouri sou miray la.
Yo antre nan ✡kay yo;
✡nan fenèt yo antre kon vòlè.
10 Devan yo, tè a ✡souke.
Syèl yo tranble.
✡Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,
e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.
Anverite, kan Li vin byen gran,
paske ✡byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a.
✡Anverite, jou SENYÈ a gran.
Li tèrib anpil!
Se kilès ki ka sipòte li?
12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,
✡“retounen kote Mwen ak tout kè nou;
avèk ✡jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13 Konsa, ✡rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li ✡plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14 Kilès ki ka konnen ✡si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
15 Soufle yon twonpèt nan Sion!
✡Konsakre yon jèn.
Pwoklame yon asanble solanèl.
16 Rasanble moun yo.
✡Fè yon asanble ki sen.
Reyini ansyen yo.
Rasanble timoun ak sila pran tete yo.
Kite mesye marye a sòti nan chanm li,
e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo,
kriye antre galri a ak lotèl la,
kite yo di: ✡“Epagne pèp Ou a, O SENYÈ!
Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch,
yon vye mò pami nasyon yo.
Poukisa nasyon yo ta dwe di: ✡“Kote Bondye Yo a ye?”
 
18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,
e Li te ✡fè mizerikòd a pèp Li a.
19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:
“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.
Nou va vin satisfè nèt ak yo.
✡ Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
20 Men ✡Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou,
Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.
Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;
pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.
Konsa, sant pouriti li a va vin leve.
Movèz odè li va vin monte,
paske se gwo bagay li te konn fè.”
21 ✡Pinga nou pè, O peyi a!
Rejwi e fè kè nou kontan,
paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.✡
 
23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,
O fis a Sion yo!
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;
paske Li te ✡bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,
li te fè vide sou nou lapli,
premye ak ✡dènye lapli a tankou avan an.
24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,
e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.✡
25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane
ke ✡ gwo krikèt te manje yo,
ak ti krikèt la ki kouri a tè a,
ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,
gwo lame ke Mwen menm te
voye pami nou.
26 Nou va genyen anpil manje,
nou va vin satisfè,
e nou va fè lwanj non SENYÈ a,
Bondye nou a,
ki te ✡aji ak mèvèy avèk nou.
Konsa, pèp Mwen an ✡p ap janm vin desi ankò.
 
27 Konsa, nou va konnen ke
Mwen nan mitan Israël,
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
e ke pa gen okenn lòt;
epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.✡
 
28 Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va ✡vide Lespri M sou tout ✡chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30 Mwen va ✡montre mèvèy yo
nan syèl la ak sou tè a:
san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31 Solèy la va vin tou nwa,
e lalin nan tankou san
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.✡
32 Epi li va vin rive ke ✡nenpòt moun
ki rele non SENYÈ a, li va delivre;
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,
va gen sila ki chape yo,
jan SENYÈ a te di a,
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
 
✡ 2:1 Jl 1:15 ✡ 2:2 Jl 2:10,31; Lam 1:12 ✡ 2:3 És 51:3 ✡ 2:3 Egz 10:5,15 ✡ 2:4 Rev 9:7 ✡ 2:5 Rev 9:9 ✡ 2:6 És 13:8 ✡ 2:7 Pwov 30:27 ✡ 2:9 Egz 10:6 ✡ 2:9 Jr 9:21 ✡ 2:10 Sòm 18:7 ✡ 2:10 És 13:10 ✡ 2:11 Jr 50:34 ✡ 2:11 Jl 1:15 ✡ 2:12 Det 4:29 ✡ 2:12 Dan 9:3 ✡ 2:13 Sòm 34:18 ✡ 2:13 Egz 34:6 ✡ 2:14 Jr 26:3 ✡ 2:15 Jl 1:14 ✡ 2:16 I Sam 16:5 ✡ 2:17 Egz 32:11,12 ✡ 2:17 Sòm 42:10 ✡ 2:18 És 60:10 ✡ 2:19 Éz 34:29 ✡ 2:20 Jr 1:14,15 ✡ 2:21 És 54:4 ✡ 2:22 Sòm 65:12,13 ✡ 2:23 Det 11:14 ✡ 2:23 Lev 26:4 ✡ 2:24 Lev 26:10 ✡ 2:25 Jl 1:4-7 ✡ 2:26 Sòm 126:2,3 ✡ 2:26 És 45:17 ✡ 2:27 Lev 26:11,12; És 45:5,6 ✡ 2:28 És 32:15 ✡ 2:28 És 40:5 ✡ 2:30 Mat 24:29 ✡ 2:31 És 13:10 ✡ 2:32 Jr 33:3