10
Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di: “Alò, lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam, chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?” Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.”
Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo. Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel. Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.”
Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.” Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo? 10 Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”
11 Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
12 Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo, 13 Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?”
Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”
14 Li te di: “Pran yo vivan.”
Konsa, yo te pran yo vivan e te touye yo nan fòs ki rele Beth-Eked la; karann-de mesye, e li pa t kite youn nan yo.
15 Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?”
Jonadab te reponn: “Li konsa.”
Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a. 16 Li te di: “Vini avè m pou wè zèl mwen pou SENYÈ a.” Konsa, li te fè li ale nan cha li a. 17 Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.
18 Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil. 19 Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
20 Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.”
Epi yo te anonse l. 21 Konsa, Jéhu te voye toupatou an Israël e tout sèvitè a Baal yo te vini, jis pa t gen yon moun ki rete ki pa t vini. Lè yo te antre nan kay Baal la, kay Baal la te ranpli jis sòti nan yon pwent pou rive nan yon lòt pwent. 22 Li te di a sila ki te sou chaj vètman yo: “Mennen vètman yo deyò pou tout sèvitè Baal yo.”
Konsa, li te mennen vètman yo deyò pou yo. 23 Jéhu te antre lakay Baal avèk Jonadab, fis a Récab la, epi li te di a sèvitè Baal yo: “Chache pou wè ke pa gen pami nou okenn nan sèvitè SENYÈ a; men sèlman sèvitè a Baal yo.”
24 Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
25 Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, “Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la. 26 Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo. 27 Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a. 28 Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
29 Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan. 30 SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
31 Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
32 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la, 33 soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan. 34 Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 35 Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li. 36 Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
10:1 I Wa 16:24-29 10:2 II Wa 5:6 10:4 II Wa 9:24-27 10:5 Jos 9:8-11 10:7 Jij 9:5 10:9 II Wa 9:14-24 10:10 II Wa 9:7-10 10:10 I Wa 21:19-29 10:11 Os 1:4 10:13 II Wa 8:24-29 10:15 Jr 35:6-19 10:16 I Wa 19:10 10:17 II Wa 9:8 10:17 II Wa 10:10 10:18 I Wa 16:31-32 10:19 I Wa 18:19 10:20 Jl 1:14 10:21 I Wa 16:32 10:24 I Wa 20:30-42 10:25 I Wa 18:40 10:26 I Wa 14:23 10:27 Esd 6:11 10:29 I Wa 12:28-30 10:30 II Wa 15:12 10:31 Pwov 4:23 10:32 II Wa 13:25 10:33 Det 2:36 10:33 Am 1:3-5