12
Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi. Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo. Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid. Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete. Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.
“Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.
“Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’ Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.
“Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun. 10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:
‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;
sila a te devni wòch ang prensipal la.
11 Sa te vin rive soti nan Bondye,
e se yon mèvèy nan zye nou.’?”
12 Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.
13 Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li. 14 Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?”
Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
16 Epi yo te pote l.
Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?”
Yo te di Li: “Se pou César”.
17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
18 Alò, Sadiseyen yo, ki di ke nanpwen rezirèksyon, te vin kote L e te kesyone L. Yo te di: 19 “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke ‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’ 20 Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye. 21 Epi dezyèm nan te pran l, e te mouri san kite eritye; epi twazyèm nan menm jan an, 22 Epi menm jan an tout sèt yo, san kite eritye. An dènye lye, fanm nan te mouri tou. 23 Nan rezirèksyon an, lè yo leve ankò, se madanm a kilès l ap ye? Paske tout sèt yo te genyen l kòm madanm.”
24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye? 25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo. 26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?
27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”
28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”
29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’
31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”
32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”
34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.
Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.
35 Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la? 36 Menm David te di nan Lespri Sen an:
‘Senyè a te di a Senyè Mwen an,
chita sou men dwat Mwen,
jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’
37 “David li menm rele Li ‘Senyè’, e nan ki sans Li kapab fis Li?”
Gwo foul pèp la te kontan tande Li.
38 Nan enstriksyon Li, Li t ap di: “Fè atansyon kont skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo vètman, e ki renmen resevwa salitasyon ak respè nan mache a, 39 ak premye plas nan sinagòg yo, ak pozisyon lonè nan bankè yo, 40 ki devore kay vèv yo, e pou parèt byen, yo fè gwo priyè. Sila yo ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.”
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
12:1 Mat 21:33-46 12:10 Sòm 118:22 12:11 Sòm 118:23 12:12 Mat 22:22 12:13 Mat 22:15-22; Luc 11:54 12:17 Mat 22:21 12:18 Mat 22:23-33 12:19 Det 25:5 12:26 Luc 20:37; Egz 3:6 12:27 Mat 22:32 12:28 Luc 10:25-28 12:29 Det 6:5 12:30 Det 6:5 12:31 Lev 19:18 12:32 Det 4:35 12:33 Det 6:5; I Sam 15:22 12:34 Mat 22:46 12:35 Mat 22:41-46 12:36 Sòm 110:1 12:37 Jn 12:9 12:38 Mat 23:1-7 12:40 Luc 20:47 12:41 Luc 21:1-4 12:44 Luc 8:43