4
Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li; “Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn. Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
“Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè. Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.
“Lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
13 Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
14 “Moun k ap simen an simen pawòl la. 15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo. Lè yo fin tande pawòl la, byen vit, yo resevwa l avèk jwa. 17 Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.
18 “Lòt yo se sila yo ki te te simen pami pikan yo. Se yo ki te tande pawòl yo, 19 men tout pwoblèm mond sa a ak sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, pou li pa donnen fwi.
20 “Sila ki te te simen nan bon tè a, se yo menm ki te tande pawòl la, yo te aksepte li, e yo te vin bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
21 Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye? 22 Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè. 23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande. 25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè. 32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann. 34 Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
35 Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”. 36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt. 38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”
41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”
4:1 Mat 13:1-15 4:3 Mat 13:3 4:9 Mat 11:15 4:11 I Kor 5:12 4:12 És 6:9 4:13 Mat 13:18-23 4:15 Mat 4:10 4:19 Pwov 23:4 4:19 Pwov 23:4 4:20 Jn 15:2 4:21 Mat 5:15 4:22 Mat 10:26 4:23 Mat 11:15 4:24 Mat 7:2 4:25 Mat 13:12 4:30 Mat 13:31-32 4:34 Mat 13:34 4:35 Mat 8:18-27 4:36 Mat 3:9 4:39 Sòm 65:7 4:40 Mat 14:31