6
Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. Li te etone pa enkredilite yo.
Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon. Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
10 Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. 11 Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti. 13 Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
14  Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
15 Men lòt t ap di: “Li menm se Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
16 Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!” 17 Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l. 18 Paske Jean t ap di a Hérode: “Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”. 19 Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l; 20 Paske Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
21 Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée. 22 fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”. 23 Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
24 Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
25 Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
26 Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l. 27 Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an. 28 Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
29 Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
30 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
32 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo. 33 Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
34 Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
35 Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta. 36 Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
37 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!”
Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
38 Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
39 Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la. 40 Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn. 41 Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
42 Yo tout te manje, e yo te satisfè. 43 Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason. 44 Te gen senk-mil mesye ki te manje pen yo.
45 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale. 46 Lè Li fin di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
47 Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li. 48 Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
49 Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50 pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.” 51 Li te antre nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. 52 Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
53 Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè. 54 Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. 55 Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
56 Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.
6:1 Mat 13:54-58 6:1 Luc 4:16-23 6:2 Mat 4:23 6:3 Mat 13:55 6:3 Mat 11:6 6:4 Mat 13:57 6:5 Mc 5:23 6:6 Mat 9:35 6:7 Luc 10:4-11 6:7 Luc 10:1 6:8 Mat 10:10 6:11 Mat 10:14 6:12 Mat 11:1 6:13 Jc 5:14 6:14 Mat 14:1-12 6:15 Mat 16:14 6:17 Mat 14:3 6:18 Mat 14:4 6:19 Mat 14:3 6:20 Mat 21:26 6:21 Est 1:3 6:22 Mat 14:3 6:23 Est 5:3-6 6:30 Mat 10:2 6:32 Mc 8:2-9 6:34 Mat 9:36 6:34 Nonb 27:17 6:37 Jn 6:7 6:41 Mat 14:9 6:43 Mat 14:21 6:44 Mat 14:21 6:45 Mat 14:22-32 6:46 Trav 18:18-21 6:48 Mat 24:43 6:50 Mat 9:2 6:50 Mat 14:27 6:51 Mc 6:32 6:52 Mc 8:17; Wo 11:7 6:53 Jn 6:24 6:56 Mc 3:10 6:56 Mat 9:20