4
1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.✡ 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, ✡solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. 3 Nou va ✡foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè a,” pale SENYÈ dèzame yo.
4 ✡“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou ✡Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. 6 Li va ✡tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin ✡frape peyi a avèk yon malediksyon.”
✡ 4:1 Sòm 21:9; És 9:18,19 ✡ 4:2 II Sam 23:4; Jr 30:17 ✡ 4:3 Job 40:12 ✡ 4:4 Det 4:23 ✡ 4:5 Mat 11:14 ✡ 4:6 Luc 1:17 ✡ 4:6 És 11:4