4
1 Konsa, paske ✡Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 ✡pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske ✡tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo ✡dejenere konsa a, e yo ✡pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije ✡vivan ak mò yo a.
6 Paske ✡pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7 ✡Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8 Anplis de tout bagay, ✡rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske ✡lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9 ✡Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 ✡Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm ✡bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11 ✡Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk ✡tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Byeneme yo, pa vin etone de ✡eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou ✡pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou ✡pou non a Kris la ✡nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay✡; 16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.✡
17 Paske li lè pou jijman ✡kòmanse avèk ✡manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18 ✡Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive ✡nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon ✡volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.
✡ 4:1 I Pi 2:21 ✡ 4:2 Wo 6:2 ✡ 4:3 I Kor 12:2 ✡ 4:4 Ef 5:18 ✡ 4:4 I Pi 3:16 ✡ 4:5 Trav 10:42 ✡ 4:6 I Pi 3:18 ✡ 4:7 Wo 13:11 ✡ 4:8 I Pi 1:22 ✡ 4:8 Pwov 10:12 ✡ 4:9 I Tim 3:2 ✡ 4:10 Wo 12:6 ✡ 4:10 I Kor 4:1 ✡ 4:11 Tit 2:1 ✡ 4:11 Ef 6:10 ✡ 4:12 I Pi 1:6 ✡ 4:13 Wo 8:17 ✡ 4:14 Jn 15:21 ✡ 4:14 Mat 5:11 ✡ 4:15 II Tes 3:11 ✡ 4:16 I Pi 4:11 ✡ 4:17 Am 3:2 ✡ 4:17 Eb 3:6 ✡ 4:18 Pwov 11:31 ✡ 4:18 I Tim 1:9 ✡ 4:19 I Pi 3:17