28
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!
Wòch mwen an, pa vin soud devan m,
paske si Ou rete silan devan mwen,
mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m kriye a Ou menm pou sekou,
lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
3 Pa rale m sòti avèk mechan yo,
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo,
pandan mechanste nan kè yo.
4 Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo.
Rekonpanse yo selon zèv men yo.
Remèt yo tout rekonpans pa yo.
5 Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo,
ni travay men Li yo.
Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
6 Beni se SENYÈ a,
akoz Li te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
9 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a.
Devni bèje yo tou,
e bay yo soutyen jis pou tout tan.