63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2 Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
3 Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
4 Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
5 Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.
7 Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8 Nanm mwen kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann jis nan fon latè.
10 Yo va livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
11 Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.