3
Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki I Kor 2:6plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. Mwen te bannou Eb 5:12lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz Wo 13:13gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? Paske lè I Kor 1:12youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm Wo 12:6jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men I Kwo 15:10Bondye ki fè l grandi a. Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va I Kor 3:14resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. Paske nou se Mc 16:20ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
10 Selon Wo 12:3gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a. 11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt És 28:16fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. 12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13  I Kwo 4:5zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va I Kor 3:8resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove Job 23:10kòmsi, se pa dife.
16 Èske nou pa konnen ke Wo 8:9nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li I Kor 8:2si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: Job 5:13“Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: Sòm 94:11“Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske Wo 8:32tout bagay se pou nou menm, 22  I Kor 1:12sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o Wo 8:38lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm. 23 Epi II Kwo 10:7nou apatyen a Kris; e I Kwo 11:3Kris apatyen a Bondye.

3:1 I Kor 2:6

3:2 Eb 5:12

3:3 Wo 13:13

3:4 I Kor 1:12

3:5 Wo 12:6

3:7 I Kwo 15:10

3:8 I Kor 3:14

3:9 Mc 16:20

3:10 Wo 12:3

3:11 És 28:16

3:13 I Kwo 4:5

3:14 I Kor 3:8

3:15 Job 23:10

3:16 Wo 8:9

3:18 I Kor 8:2

3:19 Job 5:13

3:20 Sòm 94:11

3:21 Wo 8:32

3:22 I Kor 1:12

3:22 Wo 8:38

3:23 II Kwo 10:7

3:23 I Kwo 11:3