13
Si mwen pale avèk I Kor 12:10lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon Sòm 150:5senbal k ap sone. Si m gen don pwofesi, e konnen tout I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. Si mwen Mat 6:2bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen Dan 3:28livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
Lanmou Pwov 10:12pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè II Kor 5:19pa teni kont de mal li resevwa. Li pa rejwi nan lenjistis, men II Jn 4rejwi nan verite a. Li I Kor 9:12sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
Lanmou pa janm echwe. Si gen don I Kor 13:2pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don I Kor 13:1lang, yo va fini. Si gen konesans, li va disparèt. Paske nou I Kor 8:2konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè Jen 32:30fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se Gal 5:6lanmou.

13:1 I Kor 12:10

13:1 Sòm 150:5

13:2 I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2

13:3 Mat 6:2

13:3 Dan 3:28

13:4 Pwov 10:12

13:5 II Kor 5:19

13:6 II Jn 4

13:7 I Kor 9:12

13:8 I Kor 13:2

13:8 I Kor 13:1

13:9 I Kor 8:2

13:12 Jen 32:30

13:13 Gal 5:6