2
Konsa Ef 4:22,25,31mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang epi Mat 18:3tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, si vrèman nou te Eb 6:5goute Sòm 34:8dousè a Senyè a. Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te I Pi 2:7rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou És 61:6nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou Wo 15:16ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri. Paske sa twouve nan Lekriti sen an:
És 28:16“Byen gade, Mwen poze nan Sion
yon wòch byen chwazi,
yon wòch kwen prensipal la,
e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo:
Sòm 118:22“Wòch ke bòs mason yo te rejte a,
sa te devni vrè wòch ang lan.”
Epi:
És 8:14“yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.”
Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon Egz 19:6nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10  Os 1:10Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak Lev 25:23etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap Jc 4:1fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo És 10:3nan jou gran vizitasyon selès la.
13  Wo 13:1Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo Wo 13:4pou pini malfektè yo e Wo 13:3louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske I Pi 3:17se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Se pou nou tankou Jn 8:32moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm Wo 6:22sèvitè a Bondye. 17  Wo 12:10Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Pwov 24:21Gen lakrent Bondye, onore wa a.
18  Ef 6:5Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo. 19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a Wo 13:5konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
20 Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si I Pi 3:17lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. 21 Paske nou te rele pou koz sa a I Pi 3:17akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
22 Sila ki És 53:9pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. 23 Epi pandan yo t ap joure Li, És 53:7Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
24 Epi Li menm te És 53:4,11pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske És 53:5ak blesi Li yo, nou te geri.
25 Paske nou te És 53:6toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.

2:1 Ef 4:22,25,31

2:2 Mat 18:3

2:3 Eb 6:5

2:3 Sòm 34:8

2:4 I Pi 2:7

2:5 És 61:6

2:5 Wo 15:16

2:6 És 28:16

2:7 Sòm 118:22

2:8 És 8:14

2:9 Egz 19:6

2:10 Os 1:10

2:11 Lev 25:23

2:11 Jc 4:1

2:12 És 10:3

2:13 Wo 13:1

2:14 Wo 13:4

2:14 Wo 13:3

2:15 I Pi 3:17

2:16 Jn 8:32

2:16 Wo 6:22

2:17 Wo 12:10

2:17 Pwov 24:21

2:18 Ef 6:5

2:19 Wo 13:5

2:20 I Pi 3:17

2:21 I Pi 3:17

2:22 És 53:9

2:23 És 53:7

2:24 És 53:4,11

2:24 És 53:5

2:25 És 53:6