3
Finalman, frè m yo I Tes 5:25priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, epi pou nou kapab Wo 15:31delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
Men I Kor 1:9Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou I Tes 4:10ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. Ke Senyè a I Tes 3:11dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou Wo 16:17rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe I Tes 1:6swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk I Tes 2:9travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. Se pa paske nou pa gen I Kor 9:4-18dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: I Tes 4:11si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap I Tes 5:13aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo I Tes 4:11travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13 Men pou nou, frè m yo Gal 6:9pa fatige nan fè sa ki bon.
14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e II Tes 3:6pa asosye nou avè l pou Tit 2:8li kab vin wont. 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men I Tes 5:14egzòte li kòm yon frè.
16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Rt 2:4Ke Senyè a avèk nou tout!
17 Mwen, Paul ekri salitasyon sa a I Kor 16:21avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.
18  Wo 16:20Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.

3:1 I Tes 5:25

3:2 Wo 15:31

3:3 I Kor 1:9

3:4 I Tes 4:10

3:5 I Tes 3:11

3:6 Wo 16:17

3:7 I Tes 1:6

3:8 I Tes 2:9

3:9 I Kor 9:4-18

3:10 I Tes 4:11

3:11 I Tes 5:13

3:12 I Tes 4:11

3:13 Gal 6:9

3:14 II Tes 3:6

3:14 Tit 2:8

3:15 I Tes 5:14

3:16 Rt 2:4

3:17 I Kor 16:21

3:18 Wo 16:20