18
Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Trav 18:8Corinthe.
Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Trav 18:18,26Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e Trav 20:34yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. Li t ap rezone nan sinagòg la chak Trav 13:14Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou Trav 20:21temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Trav 17:3Jésus ki te Kris la. Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke II Sam 1:16san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a Trav 13:46mwen va ale kote pèp etranje yo.”
Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Trav 13:43Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
II Sam 1:16Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a Trav 13:46avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
Epi Senyè a te di Paul nan yon Trav 9:10vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10  paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië I Tes 2:1Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan Mat 27:19chèz jijman an. 13 Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye Jn 19:7kont lalwa a.”
14 Men lè Paul te prèt pou Mat 5:2louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. 15 Men si gen Trav 23:29kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” 16 Epi li te chase yo sòti devan Mat 27:19chèz jijman an.
17 Konsa, yo tout te sezi I Kwo 1:1Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées Nonb 6:2,5,9,18li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
19 Yo te rive Trav 18:21,24Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo. 20 Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, 21 men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò Wo 1:10si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
22 Lè l te rive Trav 8:40Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Trav 11:19Antioche.
23 Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Trav 16:6Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Trav 19:1Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. 25 Mesye sa te enstwi Trav 9:2nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman Luc 7:29batèm a Jean an. 26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Trav 18:2,18Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a Trav 11:26disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre Trav 8:35atravè Ekriti Sen yo ke Trav 18:5Jésus se te Kris la.

18:1 Trav 18:8

18:2 Trav 18:18,26

18:3 Trav 20:34

18:4 Trav 13:14

18:5 Trav 20:21

18:5 Trav 17:3

18:6 II Sam 1:16

18:6 Trav 13:46

18:7 Trav 13:43

18:8 II Sam 1:16

18:8 Trav 13:46

18:9 Trav 9:10

18:12 I Tes 2:1

18:12 Mat 27:19

18:13 Jn 19:7

18:14 Mat 5:2

18:15 Trav 23:29

18:16 Mat 27:19

18:17 I Kwo 1:1

18:18 Nonb 6:2,5,9,18

18:19 Trav 18:21,24

18:21 Wo 1:10

18:22 Trav 8:40

18:22 Trav 11:19

18:23 Trav 16:6

18:24 Trav 19:1

18:25 Trav 9:2

18:25 Luc 7:29

18:26 Trav 18:2,18

18:27 Trav 11:26

18:28 Trav 8:35

18:28 Trav 18:5