7
Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo Jl 1:4 rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. Epi li te vin rive lè li te Egz 10:15fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman És 37:4 piti!”
SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di. És 13:10; Det 32:36
Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak Det 32:22 dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan. Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Am 7:2 Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
SENYÈ a te Sòm 106:45 repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
Mwen te di: “Yon filaplon.”
Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon II Wa 21:13filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap Jr 15:6 kite yo chape ankò. Jen 46:1Wo plas Isaac yo va vin abandone, e Lev 26:31 sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.”
10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te Jr 26:8-11 fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’ ”
12 Amatsia te di a Amos: Mat 8:34 “Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! 13 Men Am 2:12pa pwofetize nan Béthel, paske se I Wa 12:29,32 sanktyè ak rezidans la a wa a!”
14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans. I Wa 20:35 15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale Jr 1:7 pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, Det 32:2 ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17 Akoz sa, SENYÈ a di: Os 4:13,14‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, Jr 14:16 fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’ ”

7:1 Jl 1:4

7:2 Egz 10:15

7:2 És 37:4

7:3 És 13:10; Det 32:36

7:4 Det 32:22

7:5 Am 7:2

7:6 Sòm 106:45

7:8 II Wa 21:13

7:8 Jr 15:6

7:9 Jen 46:1

7:9 Lev 26:31

7:10 Jr 26:8-11

7:12 Mat 8:34

7:13 Am 2:12

7:13 I Wa 12:29,32

7:14 I Wa 20:35

7:15 Jr 1:7

7:16 Det 32:2

7:17 Os 4:13,14

7:17 Jr 14:16