GALAT YO
1
Mwen, Paul, yon apot Gal 1:11ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout Trav 16:6legliz nan Galatie yo: Wo 1:7Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, ki Gal 2:20te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Fil 4:20Bondye ak Papa nou an. A li menm laglwa pou tout tan. Amen.
Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou II Kwo 11:4yon lòt levanjil; ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap Trav 15:24twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. Men menmsi nou menm, oubyen II Kor 11:14yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si Wo 16:17yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.
10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon Wo 1:1sèvitè a Kris la.
11 Paske Wo 2:16mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon I Kor 2:10revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a Trav 26:4fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou Mat 15:2tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e És 49:1,5te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab Trav 9:15preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17  Trav 9:19-22Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.
18 Answit Trav 9:22twaz an pita, mwen te monte Trav 9:26Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Mat 12:46Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans Wo 9:1devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa Trav 9:30mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a I Tes 2:14legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te Trav 9:21eseye detwi a.” 24 Konsa, yo Mat 9:8t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.

1:1 Gal 1:11

1:2 Trav 16:6

1:3 Wo 1:7

1:4 Gal 2:20

1:4 Fil 4:20

1:6 II Kwo 11:4

1:7 Trav 15:24

1:8 II Kor 11:14

1:9 Wo 16:17

1:10 Wo 1:1

1:11 Wo 2:16

1:12 I Kor 2:10

1:13 Trav 26:4

1:14 Mat 15:2

1:15 És 49:1,5

1:16 Trav 9:15

1:17 Trav 9:19-22

1:18 Trav 9:22

1:18 Trav 9:26

1:19 Mat 12:46

1:20 Wo 9:1

1:21 Trav 9:30

1:22 I Tes 2:14

1:23 Trav 9:21

1:24 Mat 9:8