16
“Mwen pale nou Jn 15:18-27bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
“Yo va Jn 9:22mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou. Bagay sa yo, yo va fè Jn 8:19-55paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen. Men bagay sa yo Mwen te pale nou an Jn 13:19pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
“Men koulye a, Jn 7:33M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’? Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, Jn 14:1gwo doulè antre nan kè nou.
“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Jn 14:16Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, Jn 14:26M ap voye Li bay nou. E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. Konsènan peche, Jn 15:22-24paske yo pa kwè nan Mwen, 10  Selon Trav 3:14ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò. 11  Jn 12:31Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12  “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13  Men lè Li, Jn 14:7Lespri verite a vini, Li va Jn 14:26dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14  Li va Jn 7:39fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15  Jn 17:10“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16  “Yon ti tan, e Jn 14:18-24nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke Jn 16:5M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19  Mc 9:32Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20  “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke Luc 23:27nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men Jn 20:20tristès la va vin chanje an jwa. 21  És 13:8Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22  “Konsa, Jn 16:6nou menm tou gen tristès koulye a. Men Jn 16:16Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23  “E nan jou sa a Jn 16:19-30nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, Jn 15:16si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24  Jn 14:14“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25  “Bagay sa yo Mwen pale nou an Mat 13:34parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26  “Nan jou sa a Jn 16:19-30nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou. 27  Paske Jn 14:21-23Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen Jn 8:42te sòti nan Papa a. 28  Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap Jn 13:1-3prale kote Papa a.”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap Mat 13:34sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou Jn 2:11kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a? 32  Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, Za 13:7pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Jn 8:29Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33  “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou Jn 14:27nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Wo 8:37Mwen venk lemonn.”

16:1 Jn 15:18-27

16:2 Jn 9:22

16:3 Jn 8:19-55

16:4 Jn 13:19

16:5 Jn 7:33

16:6 Jn 14:1

16:7 Jn 14:16

16:7 Jn 14:26

16:9 Jn 15:22-24

16:10 Trav 3:14

16:11 Jn 12:31

16:13 Jn 14:7

16:13 Jn 14:26

16:14 Jn 7:39

16:15 Jn 17:10

16:16 Jn 14:18-24

16:17 Jn 16:5

16:19 Mc 9:32

16:20 Luc 23:27

16:20 Jn 20:20

16:21 És 13:8

16:22 Jn 16:6

16:22 Jn 16:16

16:23 Jn 16:19-30

16:23 Jn 15:16

16:24 Jn 14:14

16:25 Mat 13:34

16:26 Jn 16:19-30

16:27 Jn 14:21-23

16:27 Jn 8:42

16:28 Jn 13:1-3

16:29 Mat 13:34

16:30 Jn 2:11

16:32 Za 13:7

16:32 Jn 8:29

16:33 Jn 14:27

16:33 Wo 8:37