12
Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: Mat 16:6-11“Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
Mat 10:26“Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou Mat 10:27twati kay yo.
“Mwen di nou, Jn 15:13-15zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; Eb 10:31krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
“Èske Mat 10:29 senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. Mat 10:30Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
“ Mwen di nou, tout sila yo ki Mat 10:32konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; men Mat 10:33sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
10  Mat 12:31-32“Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
11  “Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa Mat 6:25twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12  paske Mat 10:20Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
13 Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14 Men Li te di li: Mi 6:8“Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15 Answit Li te di yo: I Tim 6:6-10“Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17  “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18  “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19  Epi mwen va di a nanm mwen: Ekl 11:9‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’ ”
20  “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, Job 27:8nanm ou ap rachte de ou; e Sòm 39:6koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21  “Konsa se mesye la ki Luc 12:33ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
22 Li te di sa a disip Li yo: Mat 6:25-33“Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23  Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24  “Konsidere Job 38:41kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25  “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm Sòm 39:5yon èdtan nan longè lavi li? 26  Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27  “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menm I Wa 10:4-7Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28  Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, Mat 6:30o moun ti lafwa piti!
29  “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa Mat 6:31kontinye enkyete nou. 30  Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31  Men chache wayòm Li, e Mat 6:33bagay sa yo va vini a nou tou.
32  “Pa krent, Jn 21:15-17ti bann nan, paske Ef 1:5-9Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33  Mat 19:21“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34  Paske Mat 6:21kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
35  “Rete abiye tout tan, Ef 6:14byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36  “Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape. 37  Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve Mat 24:42k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou ke Luc 17:8li va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. 38  Mat 24:43Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39  Mat 24:43-44“Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40  Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon Luc 12:47-48lè ke nou pa ta sipoze.
41 “Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen Luc 12:47-48 pou tout lòt yo tou?’ ”
42 Senyè a te reponn: “Alò, Mat 24:45-51kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt? 43  Beni se Luc 12:42esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an. 44  Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
45  “Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46  mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47  “Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va Det 25:2resevwa anpil kout fwèt. 48  Men sila ki pa t Lev 5:17konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
49  “Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
50  “Men Mwen gen yon Mc 10:38batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
51  Mat 10:34-36“Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon. 52  Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa. 53  Yo va divize, Mi 7:6papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
54 Li t ap di anplis a foul la: Mat 16:2“Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive. 55  Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: Mat 20:12‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive. 56  Ipokrit nou ye! Mat 16:3Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
57  Luc 21:30“Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon? 58  Paske Mat 5:25,26pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon. 59  Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye Mc 12:42santim nan.”

12:1 Mat 16:6-11

12:2 Mat 10:26

12:3 Mat 10:27

12:4 Jn 15:13-15

12:5 Eb 10:31

12:6 Mat 10:29

12:7 Mat 10:30

12:8 Mat 10:32

12:9 Mat 10:33

12:10 Mat 12:31-32

12:11 Mat 6:25

12:12 Mat 10:20

12:14 Mi 6:8

12:15 I Tim 6:6-10

12:19 Ekl 11:9

12:20 Job 27:8

12:20 Sòm 39:6

12:21 Luc 12:33

12:22 Mat 6:25-33

12:24 Job 38:41

12:25 Sòm 39:5

12:27 I Wa 10:4-7

12:28 Mat 6:30

12:29 Mat 6:31

12:31 Mat 6:33

12:32 Jn 21:15-17

12:32 Ef 1:5-9

12:33 Mat 19:21

12:34 Mat 6:21

12:35 Ef 6:14

12:37 Mat 24:42

12:37 Luc 17:8

12:38 Mat 24:43

12:39 Mat 24:43-44

12:40 Luc 12:47-48

12:41 Luc 12:47-48

12:42 Mat 24:45-51

12:43 Luc 12:42

12:47 Det 25:2

12:48 Lev 5:17

12:50 Mc 10:38

12:51 Mat 10:34-36

12:53 Mi 7:6

12:54 Mat 16:2

12:55 Mat 20:12

12:56 Mat 16:3

12:57 Luc 21:30

12:58 Mat 5:25,26

12:59 Mc 12:42