17
Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè
pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
Yon sèvitè ki aji avèk sajès
va renye sou yon fis ki aji ak wont;
li va pataje eritaj la pami frè yo.
Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò;
men I Kwo 29:17SENYÈ a ap sonde tout kè.
Yon malfektè koute lèv mechan yo;
yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.
Sila ki moke Pwov 14:31malere a moke Kreyatè li;
sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e Egz 20:12 glwa a fis yo se papa yo.
Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,
bokou mwens Sòm 31:18 lèv kap manti sou yon prens.
Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;
nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
Sila ki Pwov 10:12kouvri yon transgresyon, chache lanmou;
men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
10 Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan
pase anpil kou sou yon moun ensanse.
11 Yon nonm rebèl se mal l ap chache;
konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.
12 Pito yon nonm rankontre yon II Sam 17:8 lous fewòs ki separe de pitit li,
pase yon moun ensanse nan mitan foli li.
13 Pou sila ki Sòm 35:12 remèt mal pou byen an,
mal la p ap janm kite lakay li.
14 Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;
konsa, Pwov 20:3 kite kont la avan l kòmanse.
15 Sila ki Egz 23:7bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la;
tou de abominab a SENYÈ a.
16 Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a
pou l Pwov 23:23achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?
17 Yon Rt 1:16zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
18 Yon nonm ki manke konprann Pwov 6:1sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
19 Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli;
sila ki Pwov 16:18awogan an, chache gwo dega.
20 Sila ki gen panse kwochi a, Pwov 24:20pa jwenn anyen ki bon,
e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.
21 Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;
e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize Sòm 22:15 seche tout zo.
23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;
pou l Egz 23:8tòde chemen lajistis.
24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men Ekl 2:14zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak Pwov 10:1 gwo chagren a sila ki te pòte li a.
26 Anplis, li pa bon pou Pwov 17:5pini moun dwat la,
ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.
27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;
e sila ki gen Pwov 14:29 lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.
28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;
lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.

17:3 I Kwo 29:17

17:5 Pwov 14:31

17:6 Egz 20:12

17:7 Sòm 31:18

17:9 Pwov 10:12

17:12 II Sam 17:8

17:13 Sòm 35:12

17:14 Pwov 20:3

17:15 Egz 23:7

17:16 Pwov 23:23

17:17 Rt 1:16

17:18 Pwov 6:1

17:19 Pwov 16:18

17:20 Pwov 24:20

17:22 Sòm 22:15

17:23 Egz 23:8

17:24 Ekl 2:14

17:25 Pwov 10:1

17:26 Pwov 17:5

17:27 Pwov 14:29