41
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li Sòm 27:5nan jou twoub li.
SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li Sòm 27:12 p ap livre a volonte lènmi li yo.
SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.
Geri nanm mwen paske Sòm 51:4 mwen te peche kont Ou.”
Lènmi m yo Sòm 38:12pale mal kont mwen:
“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
Si li vin wè m, li Sòm 12:2bay manti.
Kè li ranmase mechanste pou kont li.
Lè l sòti deyò, li pale sa.
Tout sila ki rayi mwen yo
soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.
Kont mwen, yo Sòm 56:5fè plan pou
donmaje mwen epi yo di:
“Yon bagay mechan gen tan pran l,
pou lè l kouche, pou l Sòm 71:10-11pa leve ankò.”
Menm II Sam 15:12zanmi ki te pre m nan,
nan sila mwen te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen,
te leve talon li kont mwen.
 
10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e Sòm 3:3fè m leve
pou m kab bay yo rekonpans yo.
11 Se konsa Sòm 37:23mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.
Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,
epi Ou mete mwen Job 36:7nan prezans Ou
jis pou tout tan.
 
13  Sòm 72:18-19Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.
Amen e amen.

41:1 Sòm 27:5

41:2 Sòm 27:12

41:4 Sòm 51:4

41:5 Sòm 38:12

41:6 Sòm 12:2

41:7 Sòm 56:5

41:8 Sòm 71:10-11

41:9 II Sam 15:12

41:10 Sòm 3:3

41:11 Sòm 37:23

41:12 Job 36:7

41:13 Sòm 72:18-19