57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan Rt 2:12lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki Sòm 138:8acheve tout sa m mande an.
Li va Sòm 18:16voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an.
Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
Nanm mwen rete pami Sòm 35:17lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
Sòm 57:11Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
 
Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te Sòm 7:15fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li.
Tan
Sòm 112:7Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
Leve, Sòm 16:9glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
Sòm 108:3Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske Sòm 36:5lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11  Sòm 57:5Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

57:1 Rt 2:12

57:2 Sòm 138:8

57:3 Sòm 18:16

57:4 Sòm 35:17

57:5 Sòm 57:11

57:6 Sòm 7:15

57:7 Sòm 112:7

57:8 Sòm 16:9

57:9 Sòm 108:3

57:10 Sòm 36:5

57:11 Sòm 57:5