20
Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. II Sam 12:26Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt. II Sam 12:30-31David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite. Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, II Sam 12:31 te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.
II Sam 21:18-22Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.
Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a II Sam 21:19Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a. Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo. Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li. Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.

20:1 II Sam 12:26

20:2 II Sam 12:30-31

20:3 II Sam 12:31

20:4 II Sam 21:18-22

20:5 II Sam 21:19