21
II Sam 24:1-25Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo. Pou sa, David te di a Joab, e a chèf a pèp yo: I Kwo 27:23-24“Ale konte moun Israël yo soti Beer-Schéba jis rive Dan, e pote ban m chif yo pou m kab konnen fòs kantite yo.”
Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”
Malgre sa, pawòl wa a te vin genyen kont pawòl Joab yo. Konsa, Joab te sòti ale nan tout Israël pou te rive Jérusalem. Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi II Sam 24:9tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo. I Kwo 27:24Men li pa t kontwole Lévi avèk Benjamin pami yo, paske kòmand wa a te twouve byen rayisab pou Joab.
“Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël. David te di a Bondye: Mwen te peche anpil, pwiske mwen te fè bagay sa a. II Sam 12:13Men souple, koulye a, retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te fè yon bagay byen sòt.”
SENYÈ a te pale ak II Sam 24:11Gad, konseye David la, epi te di l: 10 “Ale pale ak David. Di l: ‘Konsa pale SENYÈ a, “M ap ofri ou twa bagay. Chwazi pou kont ou youn nan yo, ke mwen va fè pou ou.” ’ ”
11 Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm 12  II Sam 24:13oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout teritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”
13 David te di a Gad: “Mwen byen twouble. Souple, kite mwen tonbe nan men SENYÈ a, Sòm 51:1paske mizerikòd Li byen gran. Men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
14  I Kwo 27:24Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe. 15 Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te Egz 32:14lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an. 16 David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem.
Konsa, David avèk ansyen yo te I Wa 21:27kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo. 17 David te di a Bondye: “Èske se pa mwen menm ki te kòmande kontwòl a tout pèp la? Anverite, se te mwen ki te peche e ki te fè anpil mal. II Sam 7:8Men mouton sila yo, se kisa yo menm te fè? O SENYÈ, Bondye mwen an, souple, kite men Ou vin kont mwen avèk lakay zansèt mwen yo, men pa kont pèp Ou a, pou yo ta vin toumante.”
18  II Kwo 3:1Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an. 19 Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.
20 Alò, Ornan te vire fè bak, e li te wè zanj lan. Kat fis pa li yo ki te avè l yo te kache tèt yo. Alò, Ornan t ap bat ble. 21 Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.
22 Alò, David te di a Ornan: “Ban mwen anplasman sila a avèk glasi vannen an, pou m kab bati yon lotèl a SENYÈ a. Pou valè tout pri li, ou va ban mwen li, pou touman sila a kab vin frennen pami pèp la.”
23 Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”
24 Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”
25 Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an. 26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Lev 9:24Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
27 SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.
28 Nan lè sa, lè David te wè ke SENYÈ a te reponn li sou glasi vannen Ornan an, Jebizyen an. Li te ofri yon sakrifis la. 29 Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a. 30 Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.

21:1 II Sam 24:1-25

21:2 I Kwo 27:23-24

21:5 II Sam 24:9

21:6 I Kwo 27:24

21:8 II Sam 12:13

21:9 II Sam 24:11

21:12 II Sam 24:13

21:13 Sòm 51:1

21:14 I Kwo 27:24

21:15 Egz 32:14

21:16 I Wa 21:27

21:17 II Sam 7:8

21:18 II Kwo 3:1

21:26 Lev 9:24