22
Konsa David te di: I Kwo 21:18-28“Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”
Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, I Wa 5:17-18li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a. David te I Kwo 29:2-7prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo. Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske I Wa 5:6-10Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David. David te di: “Fis mwen, I Wa 3:7Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri. Alò, I Wa 2:1li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. David te di a Salomon: II Sam 7:2-3“Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an. Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: I Kwo 28:3Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou pa p bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m. Men gade byen, youn fis ki va ne a ou menm yo, va yon moun lapè. Konsa, I Wa 4:20-25Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo. 10  II Sam 7:13-14Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan. 11 Koulye a, fis mwen an, ke I Kwo 22:16SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12  I Wa 3:9-12Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13  I Kwo 28:7Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Jos 6:9Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen. 14 Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou. 15 Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv. 16 Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e I Kwo 22:11ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
17 Anplis, I Kwo 28:1-6David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di: 18 “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, I Kwo 22:9èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a. 19 Alò, I Kwo 28:9bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”

22:1 I Kwo 21:18-28

22:2 I Wa 5:17-18

22:3 I Kwo 29:2-7

22:4 I Wa 5:6-10

22:5 I Wa 3:7

22:6 I Wa 2:1

22:7 II Sam 7:2-3

22:8 I Kwo 28:3

22:9 I Wa 4:20-25

22:10 II Sam 7:13-14

22:11 I Kwo 22:16

22:12 I Wa 3:9-12

22:13 I Kwo 28:7

22:13 Jos 6:9

22:16 I Kwo 22:11

22:17 I Kwo 28:1-6

22:18 I Kwo 22:9

22:19 I Kwo 28:9