6
Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk Det 7:24wa li ak gèrye vanyan li yo. Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.
“Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va Lev 25:9soufle twonpèt yo. Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”
Konsa, Josué, fis la a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.” Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.”
Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo. Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi Jos 6:13gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
10 Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
11 Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an.
12 Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a. 13  Jos 6:4-9Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo. 14 Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou.
15 Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa. 16 Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
17 “Vil la Lev 27:28va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.
18 “Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e Jos 7:1pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li. 19  Nonb 31:11-23Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.”
20 Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi Eb 11:30miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la. 21  Det 20:16Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.
22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: Jos 2:12-19“Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” 23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te Eb 11:31mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
24  Det 20:16-18Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske Jos 2:6li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
26 Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: I Wa 15:34“Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”
27 SENYÈ a te avèk Josué e li te vin Jos 9:1-3byen rekonèt nan tout peyi a.

6:2 Det 7:24

6:4 Lev 25:9

6:9 Jos 6:13

6:13 Jos 6:4-9

6:17 Lev 27:28

6:18 Jos 7:1

6:19 Nonb 31:11-23

6:20 Eb 11:30

6:21 Det 20:16

6:22 Jos 2:12-19

6:23 Eb 11:31

6:24 Det 20:16-18

6:25 Jos 2:6

6:26 I Wa 15:34

6:27 Jos 9:1-3